Marie Kemlyne Félix fini an dezyèm pozisyon nan kad vòt ki fèt sou entènèt la pou konpetisyon Miss World 2026 la. Se sou Instagram vòt yo te òganize. N ap raple gran final konkou sila a ap fèt 5 septanm 2026 nan vil Hô Chi Minh nan peyi Vyetnam kote tout moun ap tann kisa Miss Ayiti a pral pote. Pou rapèl natif Jeremi an deja klase nan Top 6 Beauty With a Purpose pou zòn Amerik ak Karayib la.













