Soti lendi 19 pou rive samdi 24 oktòb 2026, Meri Kenskòf ap mete yon “rejis ofisyèl pou kondoleyans” nan meri a pou tout moun kapab vin rann defen majistra a omaj. Selon kominike sa a, tout popilasyon an, otorite piblik kou prive, enstitisyon patnè yo, òanizasyon sosyete sivil yo elatriye, envite pandan jou sa yo pou vin kite mo pa yo nan memwa majistra Massillon Jean.
N ap raple majistra Kenskòf la mouri sibitman 9 oktòb 2026 e fineray yo fikse pou dimanch 25 oktòb toujou nan komin nan.













