26 me 2025, Smith Augustin ki se youn nan manm KPT yo te deklare li divòse ak madanm li Nathalie Saintvil Augustin. Dam sa a ki se premye sekretè nan anbasad Ayiti a ki Meksik voye yon papye tenbre bay misye pou l konfime dosye divòs l ap pale a. Nathalie di ane pase li te ak mari l an Ayiti, yo te pase yon bèl moman ansanm. Li di li pa okouran de zafè divòs Smith Augustin ap pale a.