Lòt konfrè jounalis ki te sou plas konfime se anba bal Lapolis Romelson Vilcin pèdi lavi l. Si DG PNH la di se yon kout bonbòn gaz lakrimojèn ki touye l, konfrè ki te sou plas yo konfime se bal li pran e li mouri la pou la. Jounalis ki te prezan nan komisarya a demanti nòt Lapolis ki di se an ijans yo te pote Romelson lopital. Ak anpil endinyasyon nan vwa yo, konfrè Romelson yo voye nòt PNH la jete.
Anpil pwòch jounalis la ki te konnen l kanpe l kòm yon jèn egzanplè ki te toujou rete koul e konprann tout moun. Romelson Vilcin mouri nan kad travay li e lapolis lanse yon ankèt pou fikse responsablite yo, yon ankèt tout moun espere ki pa pral pousuiv.