Nelson Odigé alyas “Ti Gonayiv” ki gen 32 rekòt kafe sou tèt li kondane pou l pase tout rès vi li nan prizon. Nelson rekonèt li te fè kadejak sou 4 fanm pandan plizyè okazyon nan yon estasyon bis nan yon ti zòn ki rele Pine Hills nan Orlando. Se yon kondanasyon avi ki repete 3 fwa pou 3 nan 4 krim yo, selon desizyon jij la.
Nelson Odigé te jwenn arestasyon l nan lane 2023 pou zak malonèt sa yo.