Urbano Eugenio Garcia ak Máximo Perez Berigüete, se non 2 towo sa yo lajitis domikèn mete anba kòd pou trafik zam ak minisyon. Nèg sa yo ki reponsab yon konpayi transpò arete aprè lapolis fin dekouvri yon asenal gwo zam fann fwa ki soti Miami nan yon konntenè. Soti 2020 pou rive 2024, 2 sispèk yo sanble rekòlte pliske 20 milyon pèso dominiken ak 160 000 dola vèt nan biznis sa a. Pou kounye a, yo plase an detansyon pou yon lane, anntandan Lajistis deside sou sò yo.
2 prezime trafikan zam sa yo di yo pa konn anyen ditou nan sa yo repwoche yo a paske yo pa konn kisa ki te nan konntenè a.