Wikenn pase a, 6 moun mouri asasinen epi boule nan yon kay nan Pènye. Aksyon sa a se teworis k ap opere nan gang kraze baryè a ki fè l pandan lapolis a kwape yo nan perimèt la. Ata yon ti bebe rentchò yo jwenn anndan kay la, yo retire lavi l.
Inosan pa sispann pèdi lavi yo pandan pa gen okenn moun ki montre yo gen volonte pou vanje yo.