Depi plis pase 2 semèn, Pako, tou kole ak Tijo ap konnen yon moman konplike paske kriminèl 5 segond yo ap simen latèrè nan zòn nan. Pandan tout wikenn ki sot pase a, te toujou gen gwo echanj kout bal ant lapolis ak bandi. Anpil kay boule nan zòn sa a, sitou anpil kay an vwa ki te la depi lontan. Se vre gen anpil bandi ki tonbe men sa pa anpeche danje yo toujou la, e alèt wouj toujou kenbe.
Malgre anpil pwomès ki fèt, rekipere yon tèritwa ki nan men bandi rete yon rèv.