Vandredi 7 mas k ap vini la a, tout manm gouvènman defakto an ak kò diplomatik la envite pou vin asiste ak seremoni enstalasyon ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm nouvo prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Li pral ranplase achitèk Leslie Voltaire ki li menm sot pase 5 mwa nan pòs la.
Aprè Edgard Leblanc ak Leslie Voltaire, se pral tou pa yon lòt lavalasyen, Fritz Jean.