Maladi chabon an kontinye ap fè dega nan komin Dam Mari, kote moun ak bèt ap viktim pandan Leta poko deklare yon eta ijans pou komin nan. Sitiyasyon an ap soulve gwo enkyetid nan mitan popilasyon an, k ap fè fas ak pwopagasyon maladi a san yon repons ase rapid ak efikas bò kote otorite yo. Malgre gravite sitiyasyon an, okenn eta ijans poko deklare pou Dam Mari. Absans yon mezi konsa ap ogmante kritik kont Leta, sitou nan yon moman kote maladi a kontinye ap touche ni moun ni bèt.
Popilasyon an mande otorite sanitè ak veterinè yo pran dispozisyon prese prese pou kontwole maladi a epi evite sitiyasyon an vin pi grav.













