Lapolis pèdi yon lòt blennde nan komin Kenskòf byen bonè maten vandredi 7 dawout 2026 la. Sa rive pandan fòs lòd yo te nan echanj kout zam ak zèfèyis yo nan zòn Vya 2. Selon enfòmasyon nou dispoze, gen plizyè polisye ki blese pandan atak sa a men gen anpil bandi ki pran bon frap tou.
Pou kounye a, gen kèk militè FAd’H ki sou plas ak brigadye pou kontinye limite dega yo.





















