Jean-Charles Moïse : «Tout flèch k’ap tire sou mwen yo, se paske m refize al pataje gato»

haitinewstv.com

Jean-Charles Moïse : «Tout flèch k’ap tire sou mwen yo, se paske m refize al pataje gato»

Lidè Pitit Dessalines nan, Jean Charles Moïse, revele, sou radyo Magic 9, madi 20 oktòb la, rezon ki lakoz plizyè manb nan opozisyon an ap chèche dekredibilize l. «Se paske m refize rantre nan lojik pataje gato (pouvwa) ki lakoz genyen yon kanpay ki lanse nan opinyon piblik la pou denigre m», se deklarasyon ansyen senatè depatman nò a.

Jean-Charles Moïse, ki pa t vle site okenn non, fè konnen plizyè lidè nan opozisyon an toujou itilize non pèp la pou yo jere enterè pèsonèl yo. « Sou pouvwa tranzisyon Jocelerme Privert a, anpil aktè nan opozisyon an te fè anpil richès. Puiske m te aksepte Jocelerme Privert kòm prezidan, tout moun k ap tire flèch sou mwen jodi a te pran m pou bon moun nan epòk la», se deklarasyon Jean-Charles Moïse ki di li rekonèt, aksepte Jocelerme Privert, se youn nan gwo erè politik nan lavi l.

Jean Charles Moïse di menm jan li te kont Henry Céant, l ap toujou kanpe anfas tout moun nan opozisyon an ki vle tranzisyon pou yo ka regle zafè mesken yo.

Yon lòt kote, ansyen majistra Milo a voye jete tout akizasyon ki fè kwè li se jwè PHTK epi yon pyon pou Tonton Sam. 

Jean-Charles Moïse, ki pa t mete dlo nan bouch li, raple Edmonde S. Beauzile ki fè plizyè revelasyon frakasan sou li: « Non sèlman ou (Edmonde S. Beauzile) te vote nan Palman an favè Premye minis Laurent Lamothe, yon Petrovòlè, men tou FUSION te genyen pòt fèy ministeryèl li (Ministè zafè sosyal ak travay), nan gouvènman Martelly-Paul la.

Wilner Jean

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Nan konsèy 7 tèt la, lavalas ranpòte lamayòl

Pi fò moun ki pral konpoze Konsèy Prezidansyèl sila a te genyen oubyen toujou gen akwentans ak Lavalas. Fritz A.

Viv Ansanm sapata lokal jounal “Le Nouvelliste” la nan Pòtoprens

Pi ansyen kotidyen peyi d Ayiti a, Le Nouvelliste pase anba kòlè kriminèl ak zam yo ki twouve l nan

Konsèy Prezidansyèl la prete sèman

Anpil moun te panse se nan Vila d Akèy la Konsèy Prezidansyèl la t ap prete sèman, se rete yo

Viv Ansanm di si yo pa jwenn nan manje a,

Pòt pawòl kowalisyon gang ki rele Viv Ansanm nan, Babekyou nan yon deklarasyon fè konnen fòk yo dyaloge avèk yo.

Konsèy la ka enstale jedi 25 daprè Lesly Voltaire

Se Lesly Voltaire menm, reprezantan Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl la e kandida pou prezidan ki pataje sa ak laprès. Li

Contact Us