Gwo medya tradisyonèl yo nan Peyi deside monte abò pou fè pwopagann pou avan pwojè konstitisyon KPT a vle peyi a vale a, gwo mago lajan ki depanse pou sa. Se anviwon 182 milyon goud k ap separe bay plizyè medya tradisyonèl pou yo ka òganize deba sou koze konstitisyon maltaye sa a. Chak patwon medya sa yo gen chèk pa yo pou sa, finalman Pèp la pran nan mera.
N ap sinyale avan pwojè konstitisyon sa a pa vrèman touche vrè enterè popilasyon an k ap mal viv la.