Anpil alèt ap lanse sou rezo yo paske gen plizyè moun ki viktim anba mòn Kabrit pandan jounen lendi 10 mas 2025 lan. Bandi yo fè majorite ti bis ki fè wout la vire antre nan yon raje, yo fouye pasaje yo, fouye telefòn yo pou yo ka wè kiyès yo ye e ki kote yo prale. Gen enfòmasyon ki fè kwè gen nan pasaje sa yo teworis 400 mawozo yo asasinen.
LAnpil kè kase nan moman sa a paske gen anpil fanmi ki poko ka gen kontak pwòch yo.