Se yon fineray wololoy yo chante pou Pap François jounen samdi 26 avril 2025 la nan vil Wòm. Pliske 250 mil moun te asiste fineray yo san konte plizyè milyon lòt ki te asiste l nan televizyon ak sou entènèt. Te gen anpil gwo diyitè nan fineray la tankou Donald Trump, Emmanuel Macron, Lula da Silva, Zelensky, Javier Milei…se pliske 156 peyi ak tèritwa ki te patisipe atravè repranzantan yo selon Vatican News.
Pap François se premye Pontif ki pa antere Vatikan men pito nan Sent-Mari-Majè paske se sa l te mande.