Otorite ICE yo lage enfòmasyon sa a jodi dimanch la, kote yo raple òmdafè ayisyen an anba kòd depi 17 jiyè 2025 lan. Reponsab yo di Boulos arete paske li vyole lwa imigrasyon kay Tonton Sam, towo a pat deklare li te kòn nan tete lang ak gang teworis yo. Ak 69 rekòt kafe sou tèt li, PDG delimart la pral retounen sou tè Papa desalin lan.
Boulos gen dosye kriminèl sou do l jiskaprezan an Ayiti pou volè kòb leta.























