Administrasyon Federal Avyasyon Etazini an (FAA) deside pwolonje restriksyon li te mete sou sèten operasyon avyasyon ameriken ann Ayiti jiska 2 mas 2027, nan yon kontèks kote enstabilite ak vyolans gang yo kontinye reprezante yon risk pou sekirite. Daprè nouvo avi ofisyèl FAA a, mezi a antre an aplikasyon depi yè kite 1ye septanm 2026 a 12:30 UTC. Li entèdi sèten operatè ameriken ak avyon sivil ki anrejistre Ozetazini opere anba 10,000 pye nan kèk zòn espesifik ann Ayiti. Restriksyon yo konsène sitou zòn ki gen ladan Pòtoprens ak kèk lòt sektè nan sant peyi a.
FAA eksplike desizyon an baze sou enkyetid li genyen pou sekirite operasyon aviyasyon sivil yo, akoz sitiyasyon sekirite ki rete enstab nan peyi a.













