Administrasyon Donald Trump lan depòte 76 Ayisyen nan yon vòl ki te fèt ayè jedi 15 oktòb 2026 la, daprè enfòmasyon ki soti nan ICE Flight Monitor, yon inisyativ ki swiv vòl depòtasyon otorite imigrasyon ameriken yo. Vòl sa a antre nan kad operasyon depòtasyon Etazini ap kontinye fè sou Ayiti.
Depi 20 out 2026, vòl depòtasyon yo te vin pi souvan, aprè fen estati pwoteksyon tanporè (TPS) pou Ayisyen yo.













