Digicel konfime pandan jounen ayè kite 5 Desanm 2024 la, sèvis entènèt li a te bloke akoz enfrasrikti li a ki sibi 3 domaj. 2 nan fib optik li yo koupe akoz yo pran katouch epi gen yon lòt se akoz inondasyon. Konpayi wouj e blan an anonse yo gentan pran kèk mezi rapid pou rezoud pwoblèm sa yo.
Depi byen bonè maten an, anplis sèvis entènèt Digicel la, prèske tout lòt sèvis yo andikape tou.