Administrasyon Trump lan lanse yon aplikasyon ki pote non “CPB Home”. Aplikasyon sa a lanse pou migran ki ilegal yo kapab ranpli fòmalite pou yo ka depòte tèt yo. Se responsab Depatman Sekirite Enteryè a, Kristi Noem ki anonse nouvèl sa ayè lendi 10 mas 2025 lan.
Administrasyon Trump lan ap pran tout mezi nesesè pou kontinye depòte moun ki san papye nan peyi Etazini.