Nan kad yon operasyon kontwòl ki t ap mennen nan komin Dèlma, ajan Polis Nasyonal d Ayiti sezi sandal plizyè chofè moto. Daprè imaj ki sikile sou rezo sosyal yo, plizyè pè sandal parèt pami bagay polis la te sezi pandan operasyon an. Sepandan, detay sou rezon egzak ki fè ajan yo te pran sandal yo poko klè.
Entèvansyon sa a fèt nan yon moman kote PNH ap ranfòse kontwòl li sou chofè moto nan kèk zòn nan Dèlma. Men, fason operasyon an dewoule a deja soulve kesyon sou kritè polis la itilize pou fè kontwòl sa yo.













