CONATEL mande idantifye tout moun k’ap achte yon kat SIM apati 3 novanm 2020 an

haitinewstv.com

CONATEL mande idantifye tout moun k’ap achte yon kat SIM apati 3 novanm 2020 an

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), mande tout moun k ap achte yon kat SIM, pou idantifye tèt yo apati madi 3 novanm 2020 an, epi lanse yon lanse yon aplikasyon k ap pèmèt yo dechifre divès done Kat idantifikasyon nasyonal inik (CINU) achtè a.

Jean Marie Guillaume, direktè jeneral CONATEL fè konnen desizyon sila rantre nan kad lit Leta ayisyen ap mennen pou kwape ensekirite a.

Vandredi pase, direktè jeneral Jean Marie Guillaume te deja anonse responsab CONATEL yo nan tèt kole ak divès operatè telefonik te mete kanpe yon ansanm kondisyon ak prensip aplikasyon. Chak konpayi ap gen pou kreye pwòp aplikasyon nan respè fòmalite yo, men pou menm itilite a.

Aplikasyon an ap gennm kapasite pou fè foto pyès idantite achtè a pou dechifre done yo otomatik epi voye l bay operatè a. Se aprè konpayi telefonik konsène a valide CINU kliyan l ap gen dwa ak kat SIM nan, daprè CONATEL.

Enstitisyon telekominikasyon an te fè konnen ap genyen gwo sanksyon ki rezève kont nenpòt operatè ki vann yon SIM san l pa idantifye achtè a.
”Enspektè CONATEL yo ap tout kote pou kontwole desizyon sila”, daprè Jean Marie Guillaume.

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

ULCC mande pou lajistis mare ansyen DG Imigrasyon

Stéphane Vincent, ansyen direktè biwo imigrasyon ak emigrasyon sou Gouvènman Garry Conille an, gen detay pou l al bay lajistis

Arnel Bélizaire kòmanse bwè prizon nan Jakmèl

Ansyen depite Arnel Bélizaire pase premye nwit li nan prizon sivil Jakmèl la. Aprè plizyè tantativ ki fèt pou te

Legliz Katolik Womèn gen yon nouvo Pap

Kadinal Ameriken Robert Francis Prevost, se non nouvo 267e Pap ki pral syeje nan Vatikan pou jere legliz katolik. Li

ULCC mare 3 ajan imigrasyon pou fwod

William Etienne, René Jacques Laguerre ak Jude Marcelin se non 3 ajan imigrasyon sa yo Inite Lit Kont Kòripsyon mete

Kriminèl yo pran yon bèl kal nan men Lapolis

UTAG, SWAT ak USGPN mennen yon atak sere sere ayè madi 6 me 2025 lan kont teworis Viv Ansanm nan

Contact Us