Pandan prèske tout gran vil nan peyi a leve kanpe pou rele aba lamizè ak twoub politik, lavi chè, kriz gaz elatriye, plizyè manifestan ap pran gaz, gen sa ki blese ak bal gen lòt ki pèdi byen yo; sa pa anpeche premye minis la ak yon ekip pran avyon ale Etazini jodi mèkredi 7 […]Lire plus...
Kapital la reveye maten mèkredi 7 septanm nan an malmakak, pa gen twòp moun nan lari jan sa te konn ye, akoz jounen grèv ki mache ak gwo mouvman leve kanpe ki te anonse depi kèk jou. Lapolis deplwaye plizyè kote nan lari a pou pran kontwòl sitiyasyon an. Se menm kad figi a pou […]Lire plus...
Jij Walter Wesser Voltaire, jij enstriksyon k ap travay sou dosye prezidan Jovenel Moïse la tande jounen lendi 5 septanm 2022 a Christian Emmanuel Sanon, youn nan moun ki site nan asasina prezidan an 7 jiyè 2021 an. Se mèt Stanley Gaston ak Jehan Colimon ki te asiste pastè Sanon nan moman odisyon sa a […]Lire plus...
Direksyon Jeneral polis la anonse jodi lendi 5 septanm lan chèk polisye ki te sòti nan 31e pwomosyon Lapolis la ap disponib apati demen madi 6 septanm nan. Yo se 600 polisye ki te sòti 17 desanm ane pase a ki pat ko janm touche depi plis pase 8 mwa yon salè mizerab 19 000 […]Lire plus...
Nan yon òdonans jij enstriksyon k ap travay sou dosye prezidan Jovenel Moïse la voye bay dwayen Tribinal premyè enstans Pòtoprens lan, Mèt Bernard St Vil ak tout komisè gouvènman an, Jacques Lafontant, li fè yo konnen, 3 mwa lalwa ba li pou l travay sou dosye sa a, li p ap ka respekte l. […]Lire plus...
DG Lapolis la deklare devan ONU, malgre jefò PNH la ap fè, yo paka adrese pwoblèm gang yo poukont yo. Li mande patnè entènasyonal yo pou kontribye nan Lajan ONU ap bay pou ede PNH la. Frantz Elbé te pran lapawòl Jedi 1e septanm nan twazyèm somè Chèf Polis peyi manm Nasyonzini yo. Nan kad […]Lire plus...
Moun yo pa rive idantifye mete dife sou 2 anplwaye k ap travay nan yon mezon transfè nan Delma 33 jounen mèkredi 31 dawout la. Daprè viktim, yo se paske mesye yo pa jwenn dola ameriken ki fè yo fè zak sa a kote yo voye gazolin anndan biwo a e boule 2 anplwaye yo. […]Lire plus...
Depi anba lavil pou jouk rive Petyon Vil, gwo mouvman leve kanpe òganize pou kontinye denonse pwoblèm rate gaz la nan ponp yo avèk lavi chè a k ap wonje yo chak jou pi plis. Anpil kawotchou boule, barikad sou tout fòm, popilasyon an ki an kòlè kontinye detache l ak zafè gaz ki pa […]Lire plus...
Yon nouvèl ki tonbe maten lendi 29 dawout 2022 ta fè kwè otorite nan peyi tonton Sam mete pastè Armel Lafleur anba kòd. Premyè enfòmasyon yo ta fè konprann se paske li te gen yon kantite kòb nan men l ki siperyè ak sa imigrasyon egzije. Aprè yo fin kesyone l sou orijin kòb ki […]Lire plus...
Yon moun sòti blese, anviwon 2000 kay pase anba dlo, plis pase 10 000 moun sinistre, se bilan pwovizwa gwo lapli ki tonbe nan vil Sen Mak samdi 27 Dawout la nan aswè. Nan vil Jakmèl, yon jenn gason 21 lane mouri aprè yon loraj fin tonbe. Lapli ki tonbe dènye jou sa yo pou […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]