Jason Pass, Sanzave ki te touye Mathurin avèk bofis li a resevwa bal anba men Lapolis New York maten mèkredi 1e novanm nan. Lapolis bare l nan yo machin aprè yo fin idantifye plak li, nan batay ak polisye yo, li t ap eseye chape lè yo tire li a. Daprè enfòmasyon nou jwenn, aprè […]Lire plus...
Nan kad yon operasyon SDPJ, BI ak UDMO mennen soti yè lendi 30 pou rive jounen madi 31 oktòb sa a gen 4 prezime bandi ki tonbe anba bal lapolis. Se sou Lòd komisè Alex Pierre ak komisè minisipal la Jean Noël Mackenzie yo rive netwaye yon gwoup gang ki tap fòme nan Chabon sou […]Lire plus...
Direktè Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil Ayisyen an (OFNAC), ki se Laurent Joseph Dumas fè konnen desizyon ki pran pou kanpe vòl Ayiti-Nikaragwa yo pa yon desizyon definitif. Ayisyen ap rekòmanse vwayaje aprè otorite yo fin mete plis disiplin nan fason vòl yo ap fèt, daprè Direktè a. Gen enstriksyon ki pase pou vòl yo pi […]Lire plus...
Chèf gang kraze baryè a ki se Vithel’homme Innocent pa janm fè yon frennen nan move zak li yo. Prèske chak jou yon kidnaping fèt nan anviwonnman Petyonvil la, sitou sou Wout Frè ak lòt komin avwazinan tankou Taba. Gen anpil ka anlèvman chèf gang sa a fè ki pase sou silans kidonk moun pa […]Lire plus...
Aprè 7 balon dò li te ranpòte pami yo 4 youn dèyè lòt : 2009, 2010, 2011 ak 2012, pou sezon 2022-2023 sa a, entènasyonal ajanten an ranpòte 8è balon dò nan karyè foutbòl li, rekonpans pèsonèl ki vini aprè l fin chanpyon mond lan an 2022. Messi vini aprè Karime Benzema ki te ranpòte […]Lire plus...
Gouvènman ki gen Ariel Henry nan tèt li an pran desizyon pou kanpe tout vòl k ap sòti Ayiti pou ale Nikaragwa sou Presyon Ameriken. Se yon nouvèl chòk ki rive jwenn plizyè milye konpatriyòt ayisyen ki te deja nan liy pou al pran avyon jodi lendi a pou ale Nikaragwa. Gouvènman Nikaragweyen an pat […]Lire plus...
Chener alyas Izo ki t ap dirije gang Ti Grif nan Lyankou ki se alye baz Gran Grif pa la ankò. Ajan UTAG yo gaye sèvèl misye ayè dimanch 29 oktòb la alòske l t ap tire ak polisye yo. Yon operasyon anpil moun Lyankou ak Senmak aplodi. N ap raple aprè lanmò Chener a, […]Lire plus...
Herman Alejandro Rivera Garcia, youn nan mèsenè kolonbyen ki te patisipe nan asasina defen prezidan Jovenel Moïse la kondane pou l pase tout rès vi l dèyè kat miray. Se yon jij Federal nan Miami ki pran desizyon sa a jounen vandredi 27 oktòb sa a. Sa fè yon dezyèm kondane avi nan kad dosye […]Lire plus...
13 oktòb 2023, sou fwontyè ki pataje Ayiti ak Sendomeng nan, Wanament an patikilye, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon anonse yo te sezi 27 pochèt san yo sispèk ki t ap antre nan peyi a. Aprè tès nan laboratwa, de kouvri san sa yo te kontamine ak SIDA epi Epatit B, MSPP mande tout moun […]Lire plus...
Nan Eta “Maine” kay Tonton Sam, 18 moun pèdi lavi pandan gen pliske 50 lòt ki blese. Se rezilta yon atak yon prezime asasen ki rele Robert R. Card ki gen 40 lane fè nan vil Lewiston. Daprè premye eleman enfòmasyon Lapolis Leta ak Lapolis lokal yo bay, prezime asasen sa a ta yon malad […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]