Ronald Domingo Ayala Lopez se non yon resòtisan dominiken Lapolis arete nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti jounen vandredi 13 janvye 2023 a. Lajistis dominikèn t ap bouske l poutèt li te asasinen yon sèten Anthony Garcia. Se ajan BLTS ak DCPJ ki arete l ak yon fo paspò panameyen ki gen pou nimewo PA0793883 sou […]Lire plus...
Sektè touris la pèmèt prezidan Luiz Abinader ap fè chèlbè. Peyi li a antre 8 milya dola nan touris, paske yo te akeyi 7 milyon 165 mil 387 vizitè ak 1 milyon 311 mil 129 lèzòt ki te antre nan bato kwazyè pou ane 2022 a sèlman. Luiz Abinader di se yon gwo rekò li […]Lire plus...
Aristide Jean Romain ak Alexandre Jean Kendy se non 2 prezime bandi Lapolis arete jedi 12 janvye 2023 ki sot pase la a. Mesye sa yo ta gen men yo tranpe nan asasina polisye Présumé Wilson, 22e pwomosyon ki te afekte ak BIM. Aristide fèt Valyè an 1974 e Kendy fèt Pòtoprens an 1988 daprè […]Lire plus...
Nan yon kominike li rann piblik, Mélany Joly, minis Zafè Etranjè peyi Kanada a anonse yo pran sanksyon kont ansyen depite Arnel Bélizaire ak tout Charles “kiko” Saint-Rémy, biznismann e bòfrè ansyen prezidan Joseph Michel Martelly. Mesye sa yo sanksyone akoz yo patisipe nan gwo zak kòripsyon ak pwoteksyon gang an Ayiti. Yo p ap […]Lire plus...
Polis Nasyonal la anonse gras ak sipò UDMO ak bakòp nan Senmak, yo rive libere 4 moun bandi te anlve nan Dig, yon lokalite nan komin Lyankou 10 janvye pase a. Viktim yo te nan wout pou ale depoze yon lajan Labank lè sa rive a. Daprè Lapolis fanmi moun sa yo ta nan konplo […]Lire plus...
Minis Zafè Etranjè peyi Kanada a Mélany Joly ak minis Defans Nasyonal la Anita Anand fè konnen Fòs Lame kanadyen an voye kèk lòt blennde pou PNH la. Jounen mèkredi 11 janvye a, 2 responsab sa yo fè konnen se avyon militè kanadyen ki pote blennde sa yo yon mannyè pou yo kapab transfere yo […]Lire plus...
Konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak eleksyon transparent ki te jwenn sinyati 21 desanm 2022 a nan tèt kole ant Ariel Henry ak reprezantan kèk sektè nan peyi a pibliye ofisyèlman nan jounal ofisyèl peyi a ki se “Le Moniteur”. Se nan yon nimewo ki parèt 3 janvye 2023 a li pibliye. Kèk pati […]Lire plus...
Plizyè grenn Ayisyen gentan jwenn chans pran avyon pou ale kay Tonton Sam nan kad pwogram imanitè prezidan Biden te anonse a. Daprè sa avoka nan zafè Dwa Imigrasyon Tammy Rae rapòte bay Juno7, jounen mèkredi 11 janvye 2023 a, Depatman Sekirite Enteryè Etazini deja livre pèmi vwayaj bay kèk konpatriyòt ayisyen. Pwogram sa a […]Lire plus...
Kat moun mouri pami yo 2 polisye aprè midi madi 10 janvye a nan Kafou Fèy egzateman nan kafou Legliz Wesleyenne ak Avni Maglwa Anbwaz. Se nèg ak zam ki touye moun sa yo daprè enfòmasyon nou rive jwenn. Idantite moun sa yo pako revele men gen yon biznismann pami viktim yo. 2 polisye yo […]Lire plus...
Darline Ménard gen 43 lane li se moun Pòtoprens. Lapolis arete l jodi madi 10 janvye 2022 a nan zòn Lizon e se polisye Bon Repo ki poze lapat sou li. Li te sove lè prizon Kabarè a te kase a, sa gen 3 mwa deja. Pou kounye a, li refèmen nan prizon pou l […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com