Chantèz Bedjine, youn nan vwa feminen k ap frape trè di nan HMI la, jodi a li kolabore ak Shabba-Ekip sou nouvo albòm djaz la ki gen pou tit « Makiye Mizè w ». Se sou 3e mizik ki sou albòm lan ki gen pou tit « Separasyon » kolaboratris Kadilak la patisipe. Anpil fanatik atis la deja ap voye felisitasyon pou pou bèl vokal li depoze sou mizik la.
Albòm Ekip apenn lage a gen 16 tit sou li. N ap raple gen plizyè lòt albòm konpa ‘ ap gen pou n wè pandan ane 2024 la, si gwoup yo kenbe mo yo.