Bandi ak gwo zam fann fwa kase tèminal Vare nan lannwit 14 pou louvri 15 oktòb 2022 a. Yo chape pou l yo ak 4 kamyon, ki evalye ak 28 000 galon gaz tout kalte. Yo pase nan pòtay ijans ki bay sou pati Nò tèminal la zòn site solèy, selon sa WINECO SA fè konnen. Sa fè dezyèm atak, nan mwens pase yon semenn.
Aksyon bandi yo pa piti nan antre Sid kapital la. Bandi yo ap simen latwoublay seryezman pou yo ale ak kantite gaz yo vle anba je yon pouvwa ki pa menm konn si l egziste. Kilè sa ap sispann? Se kesyon anpil moun ap poze men repons yo lwen toujou.