Nan marteryèl k ap gen pou debake nan peyi a jodi a, selon enfòmasyon nou dispoze, deja gen kèk materyèl blennde sou 18 gouvènman an te kòmande yo ki debake nan peyi a jodi samdi 15 oktòb la. Daprè sa yon konfrè nan laprès peyi Dayiti rapòte, cha sa yo gen resanblans ak cha lagè nou konn wè nan peyi Ikrèn yo. Se materyèl ki pral dispoze pou fòs lòd yo konbat gang yo.
N ap raple nouvèl la te deja konfime kote peyi Kanada y ap gen pou pote materyèl lagè pou vin ranfòse fòs lòd yo nan peyi a yon manyè pou konbat ensekirite a.