Gang yo bay twòp pwoblèm nan peyi Dayiti sa ki lakoz ti moun yo ap manyen gwo zam. Etazini, atravè Nasyon Zini deside pou voye yon fòs entènasyonal pou vin ede Lapolis fè fas kare ak gang yo daprè sa depite Sheila Cherfilus McCormick deklare nan mikwo VOA kreyòl. Ameriken pran trè o serye aksyon […]Lire plus...
Poutèt li gen non l site nan trafik dwòg ak blanchiman lajan, ansyen senatè Sid la, HervĂ© Fourcand resevwa envitasyon pakè Okay la pou l al reponn kesyon devan lajistis pou menm dosye sa a. Mèt Ronald Richmond ki se komisè gouvènman Okay la mande mouche Fourcand pou l vin bay detay sou sa dirijan […]Lire plus...
Aprè seleksyon fransèz la fin bat ekip mawokèn nan 2 gòl a zewo. Ble yo pral rankontre ak Ajantin nan final la dimanch k ap vini la a. Messi ak MbappĂ© pral teke kòn yo, yon dyèl 2 sipèsta k ap jwe nan menm klèb deja anonse lakoulè nan final sa a. An 2018, ekip […]Lire plus...
Daphinis ak Alain Joseph ki gen 51 ak 35 lane jwenn arestasyon yo nan depatman Sant peyi Dayiti wikenn pase a. Daphinis se youn nan bandi ki fè pati 400 mawozo ki konn detounen kamyon machandiz e Alain li menm, se te antèn bandi yo li te ye anba yon ponp gaz nan komin Kwadèboukè. […]Lire plus...
Twa gòl a zewo, 2 gòl Alvarez e youn Messi make, se avèk èskò sa a ekip Ajantin nan mete do ekip Kwoat la atè nan premye match demi final yo. Yo jwenn viktwa sa a aprè 2 gòl ki te enskri nan premye mitan an e yon lòt gòl nan dezyèm mitan an sou […]Lire plus...
Pou ane 2022 a, daprè chif Nasyon Zini avanse yo fè konnen bandi asasine 1 448 moun, 1 145 blese epi 1 005 lèzòt viktim de zak kidnaping nan peyi Dayiti. Gang yo kontwole 60% kapital la, yo itilize vyolans seksyèl pou kreye lapèrèz lakay popilasyon an, daprè sa Volker TĂĽrk ki se responsab dwa […]Lire plus...
Fritz GĂ©rald Jean Rivière mete bout nan lavi li jounen lendi 12 desanm 2022 a. Dram sa a pase nan zòn Site Militè daprè enfòmasyon jij de pè Dèlma a, Garry Coupet bay sou sa. Se li menm ki t al fè konsta legal kadav polisye ki afekte ak inite CIMO a e aprè li […]Lire plus...
Jean-Baptiste Johnson alyas “Bout John” te konn patisipe nan anpil anlèvman, brakaj, detounman kamyon elatriye. Lapolis nan kad yon operasyon mete fen nan lavi malfra sa a samdi 10 desanm pase a nan lokalite Rosemberg, anndan komin Kwadèboukè. Nan moman yo touye l la, polisye yo jwenn yon pistolè sou li ak lòt materyèl ankò […]Lire plus...
Aprè desizyon peyi Kanada fin pran pou sanksyone òm dafè ShĂ©rif Abdallah poutèt li nan detounman lajan ak kòripsyon, li deside demisyon kòm dezyèm vis prezidan konsèy Administrasyon SOGEBANK lan. Imedyatman lèt la rive jwenn konsèy la, yo aksepte demisyon an e pataje sa ak tout aksyonè Bank lan. ShĂ©rif Abdallah se youn nan prensipal […]Lire plus...
Romel Bell, ansyen direktè jeneral Administrasyon Jeneral DwĂ n yo nan peyi Dayiti tonbe anba sanksyon Etazini akoz li itilize pozisyon l pou fè kòripsyon ak lòt gapji administrativ. Non senatè Rony CĂ©lestin retounen site ankò poutèt li itilize pozisyon piblik li pou fè kòripsyon, sa ki mete gouvènman ayisyen an nan gwo difikilte. Gen yon […]Lire plus...
