Redaktè Jounal

Moun ki antre nan Biden yo dwe mete sètifika sante

Nan yon nòt, Ministè Sekirite Enteryè mande tout migran ki antre kay Tonton Sam debouye yo konplete sètifika medikal yo. Atestasyon sa dwe gen ladan yo tès depistaj tibèkiloz, vaksen kont kowona ak polyo. Migran sa yo dwe chache jere sa si toutfwa yo pat ko fè l Ayiti. Apati 2 lane, tout benefisyè dwe […]Lire plus...

DCPJ kenbe Guy Philippe nan gadavi

Se vre ansyen senatè eli depatman Grandans lan debake nan peyi d Ayiti aprè pliske 6 lane nan prizon Etazini, otorite polisyè yo nan peyi d Ayiti pa deside libere l. Aprè depòtasyon an, DCPJ te kenbe l pou poze l kesyon men li pa libere. Youn nan akizasyon li gen sou do l se […]Lire plus...

Etazini Pimpe Guy Philippe an Ayiti

Ajan DEA debake an Ayiti ansanm ak Guy Philippe abò yon avyon imigrasyon ansanm ak 10 lòt moun yo depòte tou daprè jounal Miami Herald. Se vè 10è ansyen chèf rebèl 2004 la debake an Ayiti. Pou kouwè l ye la a, li nan DCPJ pou kèk swivi jidisyè. Guy Philippe gen kèk tan depi […]Lire plus...

Anpil dega nan kan Vitelòm nan, sitou Pènye

Sòs Pwa, chèf ki t ap dirije Pènye 40 ak anviwon yo pa vivan ankò. Gen yon ventèn gason ki tonbe ant kan Vitelòm nan ak kan 400 mawozo pou tèritwa nan zòn rivyè Griz. Gen yon sèten Didi ki antre an rebelyon ak Vitelòm e nou aprann tou chèf gang Gwojan an, fyèl li […]Lire plus...

Otorite yo nan Wanament refèmen fwontyè a

Arold Joseph, vis delege Wanament, DestinĂ© Ocelite majistra ak Ferit Bernard ki se jij depè debake an granmoun epi yo retounen mete kadna nan baryè a aprè nèg kagoule e ki te ame te fin relouvri l nan mitan jounen an. Nèg sa yo te dedouble move kou kong pou redemare aktivite yo, san se […]Lire plus...

Stéphanie Mondestin libere pou koz imanitè

Aprè komisè gouvènman Pòtoprens lan, Edler Guillaume fin tande StĂ©phanie Mondestin, li libere l. Daprè sa komisè a fè konnen, se paske madanm nan gen yon ti moun 10 mwa l ap bay tete. Pandan tan sa a, komisè a di dosye l la ap transfere nan kabinè enstriksyon pou swit legal yo paske l […]Lire plus...

Contact Us