Redaktè Jounal

Rapò ULCC, Gen kèk mimi k ap eseye sove

Lapolis arete StĂ©phanie Mondestin, pwòch ansyen premye minis Claude Joseph ki te Direktris Jeneral Adjwen nan ONA. Se nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti yo fouke alòske l t ap tante rann li an Repiblik Dominikèn men se an Ewop li ta pral kache daprè dokiman ki nan men l. StĂ©phanie Mondestin te gen envitasyon Pakè […]Lire plus...

Ansyen minis jistis Jovenel la lage pyel

Ansyen minis Jistis sou Jovenel MoĂŻse la, Rock Feller Vincent chape poul li. Minis la mande pou jij Walther tande l pa vizyokonferans pito. Daprè avoka l ki se Emmanuel Jeanty, Rock Feller Vincent pa santi l konfòtab pou l vin nan peyi ki gen tout bandi sa yo ladan l paske lavi l ka […]Lire plus...

Rapò ULCC, Pakè Pòtoprens frape pye l atè

Aprè sòti rapò ULCC a, komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume kòmanse envite moun. 27 novanm, Jemley Jean-Baptiste, Alfredo Antoine ak lòt moun ki gen yon site nan rapò ONA Pakè ap tann yo. Joseph Lambert, Garcia Delva, HervĂ© Fourcand gen randevou pou 1e desanm. Se anviwon 12 envitasyon Pakè a lanse. Daprè enfòmasyon […]Lire plus...

Ameriken voye pran yon manm gang Kokorat san ras

Jhon Peter Fleronvil, manm gang ki rele Kokorat san ras la pa nan prizon an Ayiti ankò. Lajistis nan peyi Etazini vin pran mouche ayè lendi 20 novanm nan paske l te patisipe nan anlèvman yon sitwayen ameriken. Daprè yon sous nou ka fè konfyans, gen posiblite pou 2 moun ki site nan lanmò Jovenel […]Lire plus...

Tiki voye 334 ayisyen retounen lakay yo

Dimanch 19 novanm 2023 a, gouvènman peyi Latiki a voye tounen 334 ayisyen ki te an grann difikilte nan peyi sa a. Se yon vòl “Air Anka” ki te plane sou Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti pou vin depoze resòtisan ayisyen sa yo. Tout ayisyen sa yo se jèn ki t ap fè fas ak pwoblèm […]Lire plus...

Contact Us