Gen gwo afwontman ant kriminèl Viv Ansanm yo a lapolis nan kè kapital la jounen jedi 13 mas sa a. Nan zòn sa yo: Nazon, Avni Kristòf, Laflè Dichèn ak divès lòt kote ankò, anpil kout bal chante. Moun nan lokalite Kanpèch nan Kafou Fèy mare pakèt yo ak anpil dezespwa pou yo pati kite kay yo. Gen anpil sivil ki blese pandan afwontman sa yo.
Sitiyasyon sa a pwouve aklè, gang Viv Ansanm nan gen gwo bwa dèyè bannann li.