Anpil lopital ki twouve yo an pwovens ak nan kapital la deside redui sèvis yo osinon fèmen pòt yo nèt akoz gaz yo pa genyen pou yo fonksyone. Se ka Lopital Bernard Mevs ki deside redui nan sèvis li yo ak nan pèsonèl li yo daprè yon nòt responsab sant ospitalye sa a sòti jodi a.
Pa gen dyezèl ak gazolin nan prèske tout ponp nan peyi a. Yon galon gazolin ap vann ant 3000 ak 5000 goud anpil kote nan. N ap raple jiskaprezan chèf gang G9 yo bloke gaz la nan Tèminal Tò a nan Vare.