Patrick Pelissier ki se minis Jistis an Ayiti mande chèf Pakè a ki se mèt Monclair pou l pran tout dispozisyon legal pou bloke kont bankè tout endividi Nasyon Zini mete anba sanksyon yo. Nan korespondans sa a li voye bay pwoteje li a ki nan Pakè a 12 me pase a, li mande l pou l mobilize tout enstitisyon ki espesyalize nan domèn sa a pou mennen ankèt sou aktivite finansyè moun sa yo ak tout konplis yo.
Sèlman peyi a dwe raple se menm minis jistis sa a ak komisè gouvènman an ki sot libere Alfredo Antoine ki site nan gang.