Anbasad la kanpe sou tout sèvis viza pou moun ki imigran ak sa ki pa imigran jiskaske tout bagay antre nan lòd daprè yon nòt li pibliye. Yo pran mezi sa a poutèt pèsonèl yo a ki redui. Se sèlman sitwayen ameriken ki nan peyi a y ap ka bay sèvis ak kèk ka adopsyon y ap trete, si sa posib.
Si w se sitwayen ameriken e w bezwen yon sèvis tankou paspò, yon rapò konsilè oubyen yon sèvis pou akouchman lòtbò dlo, ou ka pran sèvis sa a an liy, toujou daprè sa ki ekri nan nòt sila a. Anbasad la vin lonje lis enstitisyon nasyonal ak entènasyonal ki kanpe travay nan peyi a akoz kriz la.