Masak Lasalinn : Peyi Etazini sanksyone Fednel Monchéry, Joseph Pierre Richard Dupland ak Jimmy Chérizier alyas Barbecue

haitinewstv.com

Masak Lasalinn : Peyi Etazini sanksyone Fednel Monchéry, Joseph Pierre Richard Dupland ak Jimmy Chérizier alyas Barbecue

Peyi Etazini pran sanksyon kont Fednel Monchery, Joseph Pierre Richard Duplan ak Jimmy Cherizier.
2 ansyen fonksyonè administrasyon Martelly a, ak ansyen polisye Jimmy Chérizier ki se chèf gang jounen jodi a, jwenn sanksyon sa pou enplikasyon yo nan masak Lasalinn.

Sanksyon sa yo vini, jounen jedi 10 desanm 2020 an, ki make jounen entènasyonal dwa moun. Administrasyon federal amerikèn ak depatman trezò ameriken nan yon nòt pou laprès rann piblik, sible 3 moun sa yo pou vyolasyon grav dwa moun nan peyi Dayiti. Avèk desizyon sa, gouvènman ameriken an kapab vide kont mesye sa yo a zewo daprè “Magnitsky Act”, yon lwa ki te vote nan lane 2012.

Otorite amerikèn yo, fè konnen Jimmy Cherizier, pandan l te polisye, planifye epi patisipe nan plizyè atak nan lane 2018 pou rive 2020 nan katye popilè nan Pòtoprens. Fednel Monchéry ki te direktè ministè enteryè te patisipe nan planifikasyon masak epi te bay zam pou tout bagay te byen pase. Joseph Pierre Richard Dupland kote pal, ki te Delege Depatmantal Lwès, se otè entèlektyèl krim sa, paske l te diskite ak gang ki te fè masak sa, se rezon ki koz li jwenn sanksyon pal tou.

N ap raple toujou daprè rapò sa, nan masak ki fèt Lasalinn nan lane 2018, genyen pi piti 71 moun ki pèdi lavi yo, 400 kay boule, epi bandi yo vyole 7 fanm. Bandi yo te pran viktim yo, trennen yo nan lari, boule kò yo, genyen se bèt ki te manje yo.

Desizyon sa pwouve a klè koman lajistis ayisyèn ap dòmi. Eske aprè desizyon otorite amerikèn yo, lajistis ayisyèn pral ba dèyè yo 2 tap pou pèmèt viktim masak Lasalin yo jwenn jistis?

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Lapolis fè yon bon bèk nan Mibalè

Plizyè vagabon a sapat tonbe nan komin Mibalè jounen vandredi 18 avril 2025 sa a nan echanj kout bal ak

Teriworis yo ap pwogrese a gran pa sou komin Kenskòf

Depi nan mwa janvye 2025, Leta ayisyen te gen posiblite pou l te mete fren nan premye vag bandi ki

Konsèy 7 tèt la jwenn sipò 2 gwo Peyi Ewopeyen,

Lafrans ak Wayòm Ini gen menm pozisyon ak Etazini epi Caricom ki te di yo kanpe bò kote konsèy prezidansyèl

Macron rekonèt Lafrans te fè Ayiti abi men li pa

Nan kad bisantnè lajan endepandans Boyer te fè Lafrans kado a (1825-2025), Emmanuel Macron rekonèt se yon tò yo te

Lapolis ak Lame fè tout sa yo kapab pou anpeche

Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje

Contact Us