Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) kapab benefisye jiska 25 milyon dola ameriken nan men FIFA pou peryòd 2027–2030 lan, Lè nou konnen federasyon Ayisyèn an fè pati manm yo. nan kad nouvo pwogram finansman ki vize ranfòse devlopman foutbòl atravè mond lan. Pwopozisyon sa a, FIFA prezante a prevwa yon anvlòp finansman 6,35 milya dola pou 211 federasyon manm li yo, konfederasyon kontinantal yo ak lòt aktè nan foutbòl la.
Daprè plan an, finansman an ta dwe kontribye nan devlopman foutbòl feminen, foutbòl jèn yo, konstriksyon ak amelyorasyon enfrastrikti espòtif, ansanm ak pwojè dirab pou devlopman disiplin nan.













