Federasyon Dominikèn Pwodiktè Diri a mande gouvènman prezidan Luis Abinader la mete yon mekanis an plas pou pèmèt pwodiktè yo anboche travayè ayisyen legalman, pandan sektè agrikòl la ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn mendèv nan jaden yo. Prezidan federasyon an, Marco Rodríguez, eksplike sektè diri a depann anpil de travayè ayisyen, sitou pou plante ak rekòlte. Daprè li, operasyon imigrasyon yo ansanm ak difikilte pou jwenn pèmi travay ap konplike aktivite pwodiktè yo.
Pou fè fas ak sitiyasyon sa a, pwodiktè yo mande otorite dominiken yo chèche yon solisyon ki respekte lwa peyi a, pandan y ap pèmèt yo jwenn travayè ki nesesè pou asire kontinite pwodiksyon diri a.















