Yon dram familyal rapòte nan 3yèm seksyon Savannlong, nan komin Wanament, yè jedi 8 oktòb 2026. Moléon Joseph ta touye papa li, Morilon Joseph, ak yon kout baton, aprè yon ensidan kote papa a t ap bat manman l, daprè yon mesaj vokal jèn gason an kite sou WhatsApp. Nan mesaj sa a, li rakonte sa ki ta pouse l pase alaksyon an, pandan li fè konnen li te jwenn manman l ap kriye anba kou papa li t ap ba li.
Pou kounye a, pa gen lòt detay ki disponib sou dosye a, ni sou demach otorite yo ap mennen pou jwenn sispèk la.













