Pandan gang yo kontinye ap fè presyon nan komin Kenskòf, kote yo rive boule yon machin blende, Direktè Jeneral PNH la, Vladimir Paraison, li menm te desann nan lari yè ankò nan Delmas pou mennen operasyon kontwòl ak fouy. Ak gwo zam epi yon dispozitif sekirite, chèf PNH la t ap fè fouy sou machin prive ak piblik, motosiklèt ansanm ak moun k ap sikile nan zòn nan. Men, aksyon sa a ap soulve anpil reyaksyon nan mitan popilasyon an.
Selon kritik yo, sitiyasyon an bay enpresyon se sitwayen òdinè yo k ap sibi plis presyon, pandan kesyon ensekirite a rete youn nan pi gwo defi peyi a ap fè fas.





















