Nan videyo ak foto ki pataje sou rezo a, Lapolis ak task fòs la montre yo antre nan kay kote chèf gang Kokorat San Ras la ki de Bendy ap dirije. Fòs lòd yo etenn souf plizyè kriminèl e libere kèk twonson wout ki te bloke. Jounen mèkredi 27 me 2026 la, plizyè kamyon travèse Machan Desalin san yo pa sibi presyon bandi ni peye lajan selon enfòmasyon yo.
Kesyon k ap poze, se pou konbyen tan fòs lòd yo fè ti souke kò sa a.





















