Òm d afè Dimitri Vorbe jwenn yon antant ak lajistis amerikèn pou yo depòte l men l pa dakò pou yo voye l Ayiti. Li chwazi ale Sendomeng pito. “Nan okenn ka nou paka depòte l sou Ayiti. Se akò sa a 2 pati yo jwenn”, selon sa avoka imigrasyon an di jij Darrin Gayle ekri nan desizyon an. Nan 7 jou, y ap mete patwon Sogener a nan yon avyon komèsyal epi voye l an Repiblik Dominikèn. Gouvènman ameriken an dakò pou yo depòte towo a Sendomeng.
Dimitri Vorbe te arete nan mwa septanm 2025 Ozetazini akoz li nan konfyole ak gang nan peyi d Ayiti.





















