Arcángel Pretez Ortiz, Antonio Intriago, James Solages ak Walter Veintemilla koupab paske yo te fè konspirasyon pou wete lavi prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021 nan peyi d Ayiti. Se tribinal federal nan Miami ki t ap tande dosye sa a depi plizyè semèn ki rann vèdik sa a jounen vandredi 8 me 2026 la.
Manm jiri a te pran 2 jou avan yo fè deliberasyon sa a selon jounalis ki sou plas ap swiv dosye sa a.





















