Lapolis ak task fòs la fè yon ti souke kò yo nan Latibonit jounen lendi 6 avril 2026 la lè yo lage plizyè dwón kamikaz sou bandi yo. Pa gen twòp detay sou konsekans yo men sa ta dwe pèmèt moun Ti Rivyè Latibonit ak Machan Desalin rale yon ti souf, si se pa jwe mesye yo ap jwe.
Aprè dènye masak la, fòs lòd yo pot ko janm reyaji ak fòs kont gang yo.




















