Jij imigrasyon Jorge Perreira bay lòd pou yo depòte Boulos nan jou k ap vini la yo. Òm d afè a fè chwa pou li ale nan Peyi Meksik olye yo voye l Ayiti, selon jounalis Valerio Saint-Louis pataje. Otorite Amerikèn yo te bay towo a 2 opsyon swa li chwazi ale Kolonbi oswa Meksik. Poko gen plis detay ki bay sou rezon ki fè se Meksik Boulos chwazi ale a.
Pou ka Dimitri Vorbe la, poko gen anyen ki di.




















