Jean Antoine Fénélon, direktè Imigrasyon, direktè Jean Osselin Lambert ak 3 lòt anplwaye bwat la jwenn arestasyon yo lendi 23 mas 2026 la. DCPJ arete mesye sa yo paske y ap bay etranje paspò ayisyen e pami etranje sa yo gen plizyè afriken. Li posib pou dosye sa a rive frape pòt Paul Antoine Bien-Aimé, minis Enteryè a, selon enfòmasyon yo.
Depi plizyè semèn pawòl likide paspò sa a ap pale nan peyi a.




















