Selon enfòmasyon jounalis Marc Guerson Philistin pataje, 3 polisye sa yo ki te ale Kiba pou resevwa swen medikal an difikilte paske OFATMA pa kontinye bay lajan li dwe bay pou yo a pandan plizyè mwa. Swen medikal yo kanpe, yo pa gen kote pou yo dòmi, polisye sa yo nan yon eta kritik nan peyi Fidel Castro a. Selon enfòmasyon yo, polisye yo plede kontakte OFATMA men yon pa janm jwenn repons jouk kounye a.
Pwopriyetè kay kote polisye sa yo loje a koupe tout sèvis yo epi li retire kle a nan kay la.





















