Fakilte Syans Imèn (FASCH), Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) epi Enstiti Etid ak Rechèch Afrikèn an Ayiti (IERAH) se 3 fakilte sa yo ki loje nan ansyen lokal Bojeux nan Petyonvil. Pou 3 fakilte sa yo gen sèlman 15 sal pou kou yo dispanse. Lokal sa a pa gen okenn kapasite pou akeyi etidyan yo pandan mesye dam ki nan Leta yo ap banbile nan lajan ki ta dwe sèvi pou kontribye nan fòmasyon jèn sa yo. Mete sou sa, espas la pa gen okenn mwayen lojistik ki apwopriye pou moun aprann paske l pat bati pou sa.
Selon yon responsab nan UEH la, move sitiyasyon sa yo lakoz gen kou se an liy etidyan yo swiv yo oubyen sou randevou.













