14 out 1791, yon gwoup esklav ki te konsyan de move sitiyasyon lavi yo te oblije reyini pou pran yon dezisyon fòmèl pou yo koupe fache ak sèvitid. Anviwon 13 lane aprè, 1e janvye 1804, peyi a libere vre. 14 out 2026, 235 lane aprè, se ayisyen k ap vide bal sou ayisyen, pa gen politisyen serye ki ka bay bourad pou rekonsilye nasyon an. Peyi a ap make pa sou plas aprè tout sakrifis zansèt yo.
Modèl dirijan ki gen la yo priyorize pòch yo ak pòch zanmi yo pandan yo livre peyi a bay etranje pou fin dechèpiye l.













