2 fanm resevwa pri Nobel chimi an, epi non yo site pou pri Nobel medsin lan

haitinewstv.com

2 fanm resevwa pri Nobel chimi an, epi non yo site pou pri Nobel medsin lan

Fransèz Emmanuelle Charpentier ak amerikèn Jennifer Doudna resevwa pri Nobel chimi an pou lane 2020 an. 2 jenetisyèn yo sòti loreya mèkredi 7 Oktòb la pou travay yo t ap mennen sou devlopman yon metòd pou modifye jèn yo.

Yo jwenn rekonpans sila aprè yo te mete sou pye  »Ciseaux Crispr, yon zouti pou re-ekri kòd lavi », daprè jiri a ki chita kò l nan Stokòlm, an Syèd.

Sizo molekilè sila pèmèt yo koupe yon jèn byen, li fasil pou itilize, li pa koute anpil kòb, epi li pèmèt syantifik yo ale koupe yon ADN ekzakteman kote yo vle a. Sa ap ede yo kreye oubyen korije yon mitasyon jenetik epi swayen maladi ki ra yo.

Pri Nobel medsin ane pase a, William Kaelin, fè konnen 2 chèchez yo kapab pote pri Nobel medsin lan ane a tou.

2 fanm sa yo deja te resevwa plizyè lòt distenksyon nan tan pase yo tankou: Breakthrough prize (2015), pri syantifik Princesse des Asturies (2015) ak pri Kavli pou nanosyans yo nan peyi Nòvèj (2018).

N ap raple, Emmanuelle Charpentier (51 lane) ak Jennifer Doudna (56 lane) se 6è ak 7è fanm ki ranpòte pri Nobel chimi an depi lane 1901.
Avan yo, 5 fanm te ranpòte l sèlman sou 183 gason:
Marie Curie (1911) ak pitit fi l Joliot-Curie (1935), Dorothy Crowfoot Hodgkin (1964), Ada Yonath (2009) epi Frances Arnold (2018).

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Kèk konpayi avyon anonse repriz vòl pou mwa me a

Depi aprè zèfèyis yo fin ogmante volim ensekirite a nan peyi a, aprè Sunrise ki fè kèk vòl sou Okap.

Lame dominikèn mare yon fanm ki te sove nan prizon

Clairzier Emase youn nan 142 fanm ki te sove nan prizon sivil Akayè a jwenn arestayon l maten jedi 18

Otorite ameriken yo pimpe tounen Ayiti plis pase 74 migran

Administrasyon Biden nan itilize Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an pou reprann vòl migratwa li yo. Daprè jounal Miami Herald, gen

Bandi anvayi kafou, anpil moun mouri, prizonye libere, polisye kidnape

Bilan yo trè lou aprè atak mesye viv ansanm yo fè sou komin Kafou pandan jounen jedi sa a. Pou

Real Madrid montre city kiyes ki towo a

Aprè yon match tèt chaje ant Manchester City ak Real Madrid ki fini yon gòl nan chak kan pandan tan

Contact Us